Monday, March 17, 2014




Kèk kay nan Koray. Foto: Jhonny Célicourt.
Tout dwa pou moun ki fè foto a.
Travay mwen antanke Kominikatè Sosyal, nan plizyè rakwen peyi d Ayiti depi plis pase 10 lanne, ban mwen lopòtinite konprann, plizoumwen, reyalite sosyal ak ekonomik frè ak sè ayisyen mwen yo ki layite tou patou sou bout zile a. 

Nan chache konprann, fouye zo nan kalalou, pile kaka bèf, janbe larivyè, kwaze ak djab gwo lajounen, gen yon ti kras posiblite pou m fè erè nan lopinyon m. Poukisa? Enben, se paske mwen travay (pale ak moun yo, manje, dòmi) nan 10 depatman yo ak 112 nan 142 komin peyi a. Pou rès lanne k ap vini yo, mwen ta dwe dekouvri plizyè lòt ankò.

Yonn nan konsta mwen fè sèke menm si nou se yon sèl pèp, sa vle di pa gen plizyè etni ak plizyè lang k ap pale lakay nou menm jan ak anpil peyi nan Lafrik, men gen plizyè reyalite ki ka fè w sezi lè w se moun ki fèt oswa grandi Pòtoprens nan yon fanmi kote sa pat twò mal (Ou t al nan sa yo rele bon lekòl, manje 3 fwa pa jou, abiye ak rad bòs tayè koud elatriye).

Menm nan Pòtoprens la, gen anpil reyalite kote yonn pa makonnen ak lòt ditou. Nan sans sa a, Sosyoloji ta dwe yon syans kote gen anpil rechèch k ap fè anndan peyi a pou eseye konprann dinamik sa yo.

Pa egzanp, sèdènye tan, mwen travay Tomazo anpil. Yon komin ki senpman chita a 12 kilomèt Pòtoprens. Mwen travay ak jenn moun, granmoun, ti lepè, ti lanmè, Dòktè, Agwonòm, Ajan sante, Animatè radyo komèsyal, kominotè, pwotestan, katolik, vodouyizan elatriye. Si anpil ladan yo gen yon telefòn, sa yo rele yoyo kanna oswa ede m peze, ou ka konte sou dwèt kèk ki gen yon esmatfòn jan w wè sa alamòd nan kèk milye nan Kapital la. Kidonk, bagay entènèt, Facebook, Twitter elatriye, yo pa nan koze konsa. 

Sa vle di, si w gen yon mesaj pou rive jwenn moun sa yo epi se la w ale, chen ap manje mesaj la nan wout paske li pap janm rive jwenn yo. Pou moun sa yo, radyo rete sèl grenn oswa mwayen ki pi fasil pou w rive makonnen ak yo.

Lang Franse: yon maklouklou nan sèvo anpil moun

Yon lòt remak mwen fè nan fokis gwoup, chita pale a 2 oswa fòmasyon mwen fè, sèke lang franse a rete yon pwa 50 sou tèt moun yo. Se tankou, si yo pale ak ou nan yon Kreyòl rèk, ou pap pran yo pou moun, sa ka fè yo wont devan je w. 

Malgre gwo pwogrè lang Kreyòl la fè depi lanne 86, sitou nan medya yo - jodia, Kreyòl pale plis pase Franse nan medya, sitou Radyo - Franse a toujou konplekse moun yo. Yo santi yo plis moun si yo kole pyese 2 mo franse tèt anba pou fè pase lide yo.

Mwen pa gen ankenn pwoblèm ak 2 ayisyen ki deside antre yo pale Franse, Angle oswa Panyòl, depi yo konn pale lang yo oswa bezwen aprann pale yo.  Mwen fè sa plizyè fwa deja. Plis ou pale lang letranje, se plis pòt ki ka louvri pou ou lè w 2 pye w mele. Sa k di a se lè 2 ayisyen ap pale, yon ap vide franse, lòt la ap reponn an Kreyòl. M rele sa ''makakri''.

Alòske nan tout rankont, mwen toujou abiye senp (yon mayo, yon abako ak yon tenis) epi pale yon Kreyòl san gwo mo franse, anpil nan moun k ap pale ak mwen toujou ap fòse pale franse djòl sirèt oswa eseye jwenn mo ki pa gen ankenn rapò ak sa n ap pale a pou montre m yo pa sòt, yo gen lespri menm jan ak mwen. Bagay sa a konn ban m anpil pwoblèm. Men, nan Kominikasyon Sosyal, mwen aprann teknik pou jere sitiyasyon sa yo trèbyen.

Nan tèt mwen, sèl sa m panse ki ka pouse yo gen kompòtman sa a, se paske mwen gen yon iPhone nan menm. Kidonk, ak bèl esmatfòn sa a, mwen se nèg Pòtoprens, sa vle di nèg eklere, yo dwe montre m, menm si yo pa genyen l tou, yo konn pale franse. Malerezman pou mwen, telefòn sa a, se plis yon zouti travay pase yon bagay pou fè enteresan, fè wè, fè djòlè jan petèt yo ka panse. iPhone ki nan menm nan penmèt mwen pran "audionote", oswa nòt ekri, fè foto ak videyo ki tou "synchroniser" rapidopresto ak lòt zouti Apple mwen genyen (MacProBook ak iPad) pou m fè rapò bay kliyan m depi m konekete sou entènèt nan yon rezo wayfay (wi-fi).

Etan pafwa mwen konn mare kou krab ak yon mo franse (mwen resevwa yon edikasyon katolik an franse) pou m jwenn yon esplikasyon klè kou dlo kòk an Kreyòl, yon fason pou moun yo (oswa moun sa a) konprann mwen, yo menm ap fòse melanje mo franse dwategòch pou pale. Sa m ap di nou la a, se pa bagay k ap pase nan vil non, men nan seksyon riral, sa nou rele andeyò a.

Ledikasyon kloutoup kloutap

Mwen ale travay nan anpil lekòl tou. Pa egzanp, vandredi 14 mas pase a, mwen fè jounen nan Moreau, 4èm seksyon vil Senmak, ap pale ak tout kalite moun, yonn pa yonn. Se te nan yon lekòl. Sa te fè m mal pou m wè nan ki kondisyon ti ayisyen ap aprann jodia nan yon monn kote teknoloji ap vale teren. Konklizyon pa m tris. Chans pou yo antre nan mache travay la k ap "automatiser" chak jou pi plis epi reyisi, prèske zewo bare. 

Bon, mwen pa inyore ou ka jwenn yonn oswa 2 jouk 3 ki se jeni. Yo fèt tou beni ak tout chans yo. Yo ka fofile kò yo pami save pòtoprens epi demanti sa m ekri la a. Sa egziste tout kote.  Nan tout règ gen eksepsyon.  Men, klas yo chaje ak timoun. Genyen ki chita atè. Anpil ladan yo pa gen liv epi yo sal, sire pase peny tidan. 

Kanta Pwofesè a li menm, pòv malere a ap fè timoun yo "chante" règ gramatikal an franse tankou jako repèt alòske li klè pou mwen timoun sa yo pa konprann ni tèt, ni ke nan sa y ap repete a. 

Epi w lè w gade batwèl figi pwofesè a, bwa pye ak zo figi timoun yo ki fennen pase pate kòde dòmi sou bak machan, li klè moun sa yo nan gwo mizè. Grangou ekri an gra ak an majiskil sou chak bwa figi yo.

Kouman w vle pou timoun sa yo aprann vre lè gwo trip yo ap depatcha ti trip yo? Kouman w vle pou pwofesè sa yo motive pou bay lakonesans lè y ap touche yon grabday pafwa epi pa gen konpetans nesesè pou sa. Klenwonnen tout lasent jounen lekòl gratis se yonn, men kote plan pou fòme epi peye pwofesè yo kòmsadwa?

Sa k te pi di a, kote m chita fè jounen ap travay la, gen yon latrin nan do m, sal pase pak kochon. Se la tout timoun, tifi tankou ti gason, ap fè bezwen yo. Sant poupou te manke dekonpoze m alòske pòv malere sa yo ap sipòte lodè sa a 5 jou sou 7. Gen anpil tifi menm ki blije monte yon ti pant, akwoupi prèske devan je m pou fè pipi. Bagay sa a bay vant kòde.

Gen anpil gwo palto ki chita Pòtoprens  ap chante kantamwa, pale koze kremòl,  fè gran dizè tankou gen yon koze serye k ap regle. M ap mande pou ki moun y ap pale. Èske yo konn reyalite peyi sa a. Depi sou Preyidan bann machwè, te toujou gen ti pwojè laprezidans pou angrese zanmi ak pwòch pouvwa yo, men yo pa janm ateri vre pou regle yon bagay serye pou mas pèp la. Ayiti pa bezwen ti pwojè kole krache men se gwo pwojè sou 10, 15, 25 lanne pou moun sa yo souse yon zo tou. Se pa vin fè yo lonje bòl ble non, tankou moun k ap mande lacharite ak lajan taks yo peye a men se tabli gwo plan pou ki bay lespwa, gwo lespwa. Tankou granmoun djòl flobop di :''Lespwa fè viv''.

Dwa fanm nan fant janm

Nan sa ki gen arevwa ak kesyon Dwa Fanm, lekòl gratis, kantin eskolè, sekirite, lasante, kominikasyon (yon laptop pou chak elèv), mwen vrèman ap chache konnen poukisa y ap pase moun yo nan betiz konsa. Eske nou konnen gen yon seri kominote ki pa twò lwen Pòtoprens,  li nòmal pou yon nèg gen 4-5 fanm epi bat yo lè lide l di l? Sa k pi rèd la, se yon "mode de vie" moun yo aksepte san pwoblèm. 

Menm si  - m dwe rekonèt - gen anpil òganizasyon kominotè fanm k ap batay kon mèt Jan Jak pou kwape vyolans sou fanm, men tradisyon yo tèlman marinen ak reyalite chak jou kèk komin nan peyi a, sa a ap pran tan pou n wè yon chanjman nan konpòtman zannimo anpil jenn bway ak granmoun genyen.

Yon lòt kote, eske nou konnen gen kote ki tou pre Pòtoprens, lafyèv kontinye ap touye moun paske pa gen Sant Sante, kidonk pa gen Dòktè ak Enfimyè? Bon, sa a pap etone pyès moun paske la a nan lakou Pòtoprens, nenpòt moun, boujwa tankou malere, ka mouri pou 2 tou je  yo akòz nenpòt ti maladi. 

Eske nou konnen tou pre Pòtoprens, kondisyon transpò kretyen vivan pa gen anyen pou wè ak jan y ap pote zannimo, tèlman se laraj? Mwen wè nan zòn Moreau, abitid la se 4 moun kwense tankou aransò nan bak sou yon ti moto nan yon wout dan wòch griyen alòske Polisye ap ba moun kontravansyon gwo lajan pou senti sekirite nan Pòtoprens. Sa a depase komik, pa vre?

Yon plan 25 lanne

Sitiyasyon malouk ledikasyon kraze marinad, lasante orabè elatriye pa kòmanse ayè sou bout zile a. Se yon pikankwenna pi anba pye majorite sitwayen peyi sa depi djab te lanperè. Men, nan tan modèn sa a, li enpòtan pou n sispann ba tèt nou manti epi deside vrèman atake pwoblèm ki pi ijan yo. Pwoblèm yo anpil. Se pou sa, nou pa ka atake tout an menm tan. N ap pèdi tan.

Dapre mwen menm e sitou si m ap suiv legzanp lòt peyi sou latè ki te nan sitiyasyon katchouboumbe nou ye la, se chimen bon jan ledikasyon, lasante ak enfrastrikti yo te pran an premye. Men, tout sa ka posib lakay nou lè gen yon leta ki djanm, kote tout moun respekte lalwa kèlkilanswa non w, zanmi w nan pouvwa, nivo pouvwa w epi kantite machin ki dèyè nòs ou. 

Moun ki deside kanpe an kwa devan lalwa, enben, lajistis dwe sèvi avè w, kit ou se chèf oswa sivil. Malerezman isi, li pa yon sekrè pou pyès moun, depi yon nèg sou pouvwa oswa li gen kòkòday li sou pouvwa, li fè sa l vle devan je tout moun. Pyès peyi pa ka fè pwogrè nan sistèm anachi, chak koukouy klere pou je w oswa peyi a se pou ou kale dada w jan w vle.

Mwen rete kwè se yon plan sou piti 25 lanne peyi sa a dwe genyen pou n espere fè yon pa kita. Plan sa ap prevwa mete sou pye yon sistèm ledikasyon modèn pou chak grenn ayisyen chans yo aprann nan bon kondisyon pou pare yo pou mache travay la, kit ann Ayiti oswa lòt bò lanmè; bon jan lopital nan tout rakwen peyi a ak wout tout kote,  kote nou tout dakò avè plan sa, kèlkilanswa koulè politik nou epi deside aplike l, mwen sèten n ap pran chimen devlopman tout bon vre.


Se ta tankou yon pwogram gouvènman pou 25 lanne epi tout moun dakò se li menm n ap aplike menm si se lagoch, ladwat, sant ki pran pouvwa sou peryòd 25 lanne sa a. Se konsa tout peyi k ap vanse yo fè l. 

Si chak gouvènman ki monte, li kraze sa k te kòmanse fèt pou vin ak ti pa l, menm si l te bon nan je tout moun,  epi montre se li k ap travay, lòt yo pat konn fè anyen, enben Ayiti ak tout pitit li fenk kòmanse nan benyen chen.


djecee
Lakou Pòtoprens, 17 mas 2014
Suiv mwen sou Instagram ak Twitter: @djecee


No comments:

Post a Comment